Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
Pwovèb 8:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo byen dwat pou sila ki konprann nan, e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan. 1998 Haïtienne Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans. |
Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan; men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.
Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; anplis, zòrèy a saj la chache konesans.
Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob? “Èske Lespri SENYÈ a pa an kolè? Èske bagay sa yo se zèv pa Li? Èske pawòl Mwen yo pa fè byen pou sila k ap mache dwat la?”
“Li ekri nan pwofèt yo: ‘E yo tout va enstwi pa Bondye.’ Tout sa yo ki te tande epi enstwi pa Papa a, ap vini a Mwen.
“Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.
Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.