Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 14:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 14:6
24 Referans Kwoze  

Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.


Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko konnen jan li dwe konnen an.


Yo byen dwat pou sila ki konprann nan, e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.


Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi. Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ la. Ki kalite sajès ka rete nan yo?


Vire kote lalwa ak akò la! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.


Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li? Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.


Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann; men sèlman nan devwale pwòp panse li.


Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan; men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.


Ouvri zye m pou m kab wè bèl bagay nan lalwa Ou yo.


Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,


Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti.


Kite prezans a yon moun ensanse, sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.


Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la.


Tout pawòl a bouch mwen yo dwat; nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.


Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la; li pa janm ale kote moun saj.


Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite