Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 15:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Lespri a moun entèlijan an chache konesans; men bouch a moun sòt la, manje foli.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 15:14
13 Referans Kwoze  

Mwen gen konprann plis pase granmoun yo, akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.


O! A la mwen renmen lalwa Ou a! Se sou li ke m reflechi tout lajounen.


Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,


Yon moun pridan kache sa li konnen; men kè moun san konprann pale jis nan foli.


Tout jou aflije yo move; men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.


Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; anplis, zòrèy a saj la chache konesans.


Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj, enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.


ki di a konseye yo, “Ou pa dwe wè vizyon”, epi a pwofèt yo, “Ou pa dwe pwofetize a nou menm sa ki dwat. Pale nou bèl pawòl dous, pwofetize ilizyon.


La p manje sou sann yo. Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote. Li p ap kapab delivre nanm li menm. Ni li pa mande: “Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”


Éphraïm manje sou van, e kouri dèyè van lès la. Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans. Anplis, li fè yon akò ak Assyrie e lwil vin pote an Égypte.


Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa.


Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri. A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite