Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 6:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 “Li ekri nan pwofèt yo: ‘E yo tout va enstwi pa Bondye.’ Tout sa yo ki te tande epi enstwi pa Papa a, ap vini a Mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

45 Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l moutre yo, y'ap vin jwenn mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

45 Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.” Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen.

Gade chapit la Kopi




Jan 6:45
24 Referans Kwoze  

Konsa, anpil pèp va vini e yo va di: Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a, lakay Bondye a Jacob la; pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo, e pou nou kapab mache nan pa Li yo. Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion, e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.


Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a; pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.


Anpil nasyon va vin di: “Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a, lakay Bondye Jacob la, pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo e pou nou ka mache sou pa Li yo.” Paske depi nan Sion, lalwa va sòti e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.


Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.


Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”


Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la, “Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou, ki va prepare chemen nou;


Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,


Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve.


“Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen.


“Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.


E Li t ap di: “Pou rezon sa a Mwen te di nou ke pèsòn pa kapab vin kote Mwen, sof ke se Papa a ki pèmèt sa.”


“Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale nan pwofèt yo pa vini sou nou:


“Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo: ‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri ofrann ak sakrifis karant ane nan dezè a, O lakay Israël.


ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm.


Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa Bondye va osi revele sa a nou.


Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt.


“Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo apre jou sa yo, di Senyè a; Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo, e nan panse yo, Mwen va ekri yo.” Li di answit:


Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite