Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 8:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pran konsèy mwen olye ajan, e konesans olye pi chwa nan lò pi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 8:10
15 Referans Kwoze  

Lò pi pa egal ak valè l, ni ajan pa kab peze kon pri li.


Ni lò ni vit pa egal avè l, ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.


Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo, plis pase lò, wi plis pase lò fen.


Mwen rejwi nan pawòl Ou kon yon moun ki jwenn gwo piyaj.


Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen, pase pyès lò ak ajan pa milye. YODH


Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a; men kè a mechan an vo piti.


A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò! Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.


Gen lò ak tout kalite bijou; men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.


Achte verite e pa vann li! Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.


Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi. Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.


Sajès ansanm ak eritaj bon, e se yon avantaj pou sila ki konn wè solèy yo.


Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!”


kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite