Men yo te di: “Mete ou akote.” Anplis ke sa yo te di: “Sila te antre tankou etranje, e deja l ap aji kòm jij. Pou sa a, nou va trete ou pi mal pase yo.” Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kase pòt la.
Pwovèb 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon! Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch! 1998 Haïtienne Lè sa a, w'a di: Poukisa mwen pat vle kite yo rale zòrèy mwen? |
Men yo te di: “Mete ou akote.” Anplis ke sa yo te di: “Sila te antre tankou etranje, e deja l ap aji kòm jij. Pou sa a, nou va trete ou pi mal pase yo.” Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kase pòt la.
Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”
men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.
“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?
Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi; men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore.
Epi ou va plenyen nan gòj lè dènye moman lavi ou rive, lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.
Paske kòmandman an se yon lanp, e enstriksyon li se limyè. Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”
Malgre sa, Mwen te voye bannou tout sèvitè mwen yo, pwofèt yo, ankò e ankò e Mwen te di: “Ah, pa fè bagay abominab sila ke m menm rayi a.”