Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 1:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 men nou te neglije tout konsèy mwen yo, e nou pa t vle tande repwòch mwen;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m korije nou.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 1:25
13 Referans Kwoze  

Men Farizyen yo avèk avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.


Men pèp Mwen an pa t koute vwa M. Ni Israël pa t obeyi Mwen.


Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, men sila ki rayi korije a, se bèt.


Yo te refize konsèy mwen. Yo te rejte tout repwòch mwen yo.


Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon! Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!


akoz yo te fè rebèl kont pawòl Bondye a, e te meprize konsèy a Pi Wo a.


men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.


Konsa nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”


Konsèy ak bon sajès se pou mwen. Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.


Pinisyon byen di ap tann sila ki abandone chemen an; sila ki rayi korije a va mouri.


“Akoz sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen sou Juda ak sou tout sila ki rete Jérusalem yo, tout dezas ke M te pwononse kont yo, akoz Mwen te pale ak yo, men yo pa t koute, e Mwen te rele yo, men yo pa t reponn.’”


Konsa, nou te retounen pou te kriye fò devan SENYÈ a; men SENYÈ a pa t koute vwa nou, ni bannou zòrèy Li.


SENYÈ a te pale ak Manassé avèk pèp li a, men yo pa t okipe sa menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite