Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 12:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, men sila ki rayi korije a, se bèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 12:1
21 Referans Kwoze  

Pinisyon byen di ap tann sila ki abandone chemen an; sila ki rayi korije a va mouri.


Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l; bon jijman an pa anyèn devan l.


Yon nonm ensanse pa gen konesans, ni yon nonm bèt pa konprann sa:


Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.


epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.


Mwen renmen sila ki renmen m yo. Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.


“Alò, pou sa, fis yo, koute mwen; paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.


Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”


Fè m konprann chemen òdonans Ou yo, pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.


Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.


Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”


Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè, konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!


Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a; men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.


“Anverite, mwen pi bèt pase tout moun e mwen pa gen konprann a yon nonm.


Prèt la va gade l. Si gen yon enflamasyon blan sou po a, li fè plim li vin blan, e gen maleng nan enflamasyon an,


Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.


Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la; men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite