Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 19:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Men yo te di: “Mete ou akote.” Anplis ke sa yo te di: “Sila te antre tankou etranje, e deja l ap aji kòm jij. Pou sa a, nou va trete ou pi mal pase yo.” Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kase pòt la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Men yo di: — Wete kò ou la! Se moun vini ou ye. Kisa ou ye atò pou w'ap vin di nou sa pou nou fè a? Sispann fè radòt ou la a anvan nou fè ou pi mal pase sa! Sa ou tande a, yo bourade Lòt, epi yo pwoche pou yo defonse pòt la.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 19:9
21 Referans Kwoze  

Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche.


Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.


Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”


Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal; men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.


Pito yon nonm rankontre yon lous fewòs ki separe de pitit li, pase yon moun ensanse nan mitan foli li.


Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa; men moun ensanse k ap anmède a pi lou pase yo tou de.


Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz.


Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.


Ki di: ‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen; mwen pi sen pase ou’! Sila yo se lafimen nan nen Mwen, yon dife ki brile tout lajounen.


Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.


Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè? Yo pa t wont menm. Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo. Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo, yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.


Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.


“‘“Gade byen, sa se te koupabilite a sè ou a, Sodome: li menm ak fi li yo te gen awogans, anpil manje ak lavi alèz, men li pa t ede endijan ak malere yo.


“Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.


Filisten an te di a David osi: “Vin kote mwen e mwen va bay chè ou a a zwazo syèl yo avèk bèt chan yo.”


Si mesye a ta di li: “Fòk yo brile grès la avan e apre, ou kab pran sa ou pito,” Alò, li ta di: “Non, men se koulye a, pou ou ban mwen li. Si se pa konsa, m ap sezi l pa lafòs.”


Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite