Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.
Pwovèb 26:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la, ak baton pou do a moun ensanse a. 1998 Haïtienne Fwèt pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann. |
Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.
Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan pase anpil kou sou yon moun ensanse.
Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; repwòch a yon moun bon konprann, va fè l genyen konesans.
Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.
Kisa nou dezire? Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?
Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn.