Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 27:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l kite sòt.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 27:22
14 Referans Kwoze  

Apre evenman sa a, Jéroboam pa t kite chemen mechanste li, men ankò li te fè prèt pou wo plas yo soti nan tout pèp la. Nenpòt moun ki ta vle fè sa, li te òdone pou devni prèt nan wo plas yo.


Farawon te leve nan nwit lan, li ak sèvitè li yo avèk tout Ejipsyen yo. Yo te gen yon gwo lamantasyon nan tout Égypte la, paske pa t gen kay kote moun pa t mouri.


Lè wa Égypte la te avèti ke pèp la te sove ale, Farawon avèk sèvitè li yo te vin gen yon chanjman kè anvè pèp la. Yo te di: “Kisa sa ye nou fin fè la a, ke nou kite Israël ale pou kite sèvis nou yo?”


Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo. Mwen va divize richès yo. Volonte m kont yo va satisfè. Mwen va rale nepe mwen. Se men m k ap detwi yo.”


Kouwòn saj yo se richès yo; men betiz moun ensanse se foli yo.


“Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen! Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa! Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”


Tankou yon chen ki retounen nan vomi li, se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.


Se ki bo nou va pran so ankò? Poukisa nou mache fè rebèl san rete? Tout tèt la malad e tout kè a fèb.


Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li, oswa leyopa a takte li yo? Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal, ta ka chanje 1 pou vin fè byen.


O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.


Lè sa te pale a Saül, li te voye lòt mesaje. Epi yo menm tou te vin pwofetize. Alò, Saül te voye mesaje yon twazyèm fwa, e yo anplis te pwofetize.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite