Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 27:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò; konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 27:21
14 Referans Kwoze  

Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm.


Anverite, gen yon min pou ajan e yon plas pou rafine lò.


Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach; tankou ajan ki teste nan founo, rafine nan tè sèt fwa.


Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye. Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.


Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò; men SENYÈ a ap sonde tout kè.


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


Li va chita tankou yon bòs metal k ap pirifye ajan. Li va pirifye fis a Levi yo, e rafine yo tankou lò ak ajan, pou yo ka ofri bay SENYÈ a ofrann ladwati.


“Malè a nou menm lè tout moun pale byen de nou, paske menm jan an, zansèt yo te konn aji avèk fo pwofèt yo.


pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.


Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou.


Epi kòmandan Filisten yo te sòti pou fè batay. Konsa, li vin rive chak fwa yo sòti, ke David te aji avèk plis sajès ke tout sèvitè a Saül yo. Akoz sa, non li te vin respekte anpil.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite