Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e te di: ‘Papa m te fè jouk nou byen lou, men mwen va mete anplis sou fado nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.’”
Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pati nou gen nan David? Nanpwen eritaj nan fis Jesse a; Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a! Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.
Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.
Men lakanj Michel, lè li te dispite avèk dyab la, epi te despite sou kò Moise la, pa t menm tante pwononse yon jijman cho, men te di “Ke Bondye bay ou repwòch.”