Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 19:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; repwòch a yon moun bon konprann, va fè l genyen konesans.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Pase awogan yon je baton, moun san konprann va pran men yo. Rale zòrèy moun konprann, y'a vin gen plis konesans.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 19:25
10 Referans Kwoze  

Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.


Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,


Yon moun ensanse refize disiplin a papa l; men sila ki aksepte repwòch gen sajès.


Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan pase anpil kou sou yon moun ensanse.


Lè mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj; men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.


Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li, e sila ki repwoche yon nonm mechan va resevwa ofans sou tèt li.


Konsa, tout Israël va tande pou vin gen lakrent; epi pèsòn pami nou p ap janm fè yon bagay mechan konsa ankò.


Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite