Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 19:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Sila ki atake papa li e chase manman l ale, se yon fis ki fè wont ak dega patou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Se yon wont, se yon dezònè pou yon pitit aji mal ak papa l, osinon pou l mete manman l deyò lakay li.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 19:26
14 Referans Kwoze  

Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.


Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a, se yon fis ki aji ak sajès; men sila ki dòmi nan lè rekòlt la, fè gwo wont.


Yon sèvitè ki aji avèk sajès va renye sou yon fis ki aji ak wont; li va pataje eritaj la pami frè yo.


Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l, ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.


Sispann koute disiplin, fis mwen an e ou va pèdi chemen konesans.


A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a! Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.


Sila ki vòlè papa li oswa manman l epi di: “Sa pa yon transgresyon”, se parèy ak yon moun ki detwi.


Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann; men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.


Gen yon kalite moun ki modi papa li e refize beni manman l.


“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.


Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite