24 Parese a fouye men l nan plato a; men li refize rale l rive nan bouch li.
24 Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo.
Wout a parese a se tankou yon ran pikan; men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
Li te di yo: “Se youn nan douz yo; youn ki tranpe manje l nan veso ansanm avè M nan.
Li te reponn: “Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an.
Poukisa Ou retire men Ou? Sitou men dwat Ou? Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou pou detwi yo!
Se volonte a parese a ki fè l mouri, paske men li refize travay;