Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 10:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Moun lespri pale bon pawòl. Men, pou moun san konprann, se baton nan dèyè yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 10:13
18 Referans Kwoze  

Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.


Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès, epi lang li va pale jistis.


Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou sou peyi Égypte la pou krikèt yo, pou yo kapab vin monte sou peyi Égypte la, pou yo ka manje chak plan ki nan tè a, menm tout sa ke lagrèl la te kite yo.”


Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje; men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.


Bouch a moun dwat la koule ak sajès; men lang pèvès la vin koupe.


Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis, e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!


Lèv a moun saj yo gaye konesans; men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.


Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann; e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.


Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan pase anpil kou sou yon moun ensanse.


Gen desizyon jijman pou mokè yo; ak kou pou do a moun ensanse yo.


Gen lò ak tout kalite bijou; men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.


Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la, ak baton pou do a moun ensanse a.


Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.


Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès; nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.


Sibitman, li swiv li tankou yon bèf k ap monte labatwa, tankou moun sòt kab mache rive nan ne koulan an.


Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo, pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. Li fè M leve maten apre maten, Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.


Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite