Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 15:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi; men lè kè a tris, lespri a vin brize.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou.

Gade chapit la



Pwovèb 15:13
10 Referans Kwoze  

Konsa, wa a te di mwen: “Poukisa figi ou tris konsa, malgre ou pa malad? Sa pa mwens ke tristès kè.” Konsa, mwen te krent anpil.


Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; men yon bon pawòl fè l leve.


Yon kè trankil se lavi pou kò a; men pasyon fè tout zo yo pouri.


Tout jou aflije yo move; men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.


Yon kè kontan se bon remèd; men yon lespri brize seche tout zo.


Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?


“Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.


Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm.


Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit.


Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.