Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 14:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 “Kè nou pa bezwen twouble. Se pou n kwè nan Bondye epi kwè nan mwen menm tou.

Gade chapit la Kopi




Jan 14:1
37 Referans Kwoze  

Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? E poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye! Paske m ap louwe Li ankò: O sove m, soutyen mwen an, ak Bondye m.


Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”


Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou.


Tristès Mwen depase gerizon; kè M fennen anndan m!


Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble.


“Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a.


Jésus te kriye e te di: “Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an.


“Depi koulye a, M ap di nou avan li rive, pou lè li rive, nou kapab kwè ke Mwen menm se Li.


“Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.


Bagay sa yo, yo va fè paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen.


Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, gwo doulè antre nan kè nou.


Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.


Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”


Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit.


Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo,


pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon lespri, ni yon mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.


ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite