Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Kounyeya se pou nou padonnen l, se pou nou ba li ankourajman pito, pou yon twò gwo lapenn pa kraze l nèt.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Kounye a, se pou nou padone li epi ankouraje li. Si se pa sa, tristès la ka pouse l abandone.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 2:7
20 Referans Kwoze  

Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan, lè kòlè yo te limen kont nou an.


Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou. SENYÈ a va vale yo nèt nan kòlè Li, epi dife va devore yo.


Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen. Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.


Annou vale yo vivan tankou Sejou mò yo, menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.


Yon kè kontan se bon remèd; men yon lespri brize seche tout zo.


Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman.


Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”


Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a.


Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl.


Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.


Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.


Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès.


ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.


Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo.


Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite