Pwovèb 14:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li; men lèv a saj yo va pwoteje yo. 1998 Haïtienne Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo. |
Kite lèv ki manti yo sispann, sila yo ka p pale ak awogans kont moun dwat yo, k ap fè ògèy pou desann moun.
Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.
Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san; men bouch moun dwat yo va delivre yo.
Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
epi kisa dis kòn sou tèt li yo ak lòt kòn ki te vin leve a te sinyifi, e devan sila twa nan yo te tonbe a, menm kòn ki te gen zye ak bouch ki te pi djanam nan aparans ke parèy li yo.
Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo,
Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.
“Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.
“Pa pale kè anflè ankò, pa kite awogans sòti nan bouch ou. Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans, e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.