Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon sòm David.

1 Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste, Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.

2 Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.

3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo, ak lang ki pale gwo bagay yo;

4 ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. Lèv nou se pou nou. Se kilès ki kab mèt sou nou?”

5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”

6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach; tankou ajan ki teste nan founo, rafine nan tè sèt fwa.

7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo. Ou va prezève yo soti nan jenerasyon sila a jis pou tout tan.

8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote lè bagay ki lèd vin leve wo pami fis a lòm yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite