Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
Pwovèb 13:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans. 1998 Haïtienne Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste. |
Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, e diven an ap kimen. Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.
Nou te raboure mechanste; nou te rekòlte lenjistis. Nou te manje fwi manti a, akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou, nan fòs kantite gèrye pisan nou yo.
Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout sila ki rete ladann yo.
Akoz ou te piyaje anpil nasyon, tout retay pèp yo va piyaje ou. L ap konsa, akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo.
Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”