Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 11:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon; men dezi a mechan an mennen jijman.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Lè moun k'ap mache dwat jwenn sa yo vle a, se lakontantman pou tout moun. Men lè se mechan ki jwenn sa y'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 11:23
16 Referans Kwoze  

O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo; Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,


Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou. Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.


O ke chemen mwen yo kapab vin etabli pou kenbe règleman Ou yo!


Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.


Pran plezi ou nan SENYÈ a. Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.


Lespwa a moun dwat la se kè kontan; men entansyon mechan an va peri.


Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.


Lè yon nonm mechan mouri, sa li anvizaje a mouri avè l.


Panse a moun dwat yo jis; men konsèy a mechan yo se desepsyon.


Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans.


Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.


Men pou mwen menm, mwen pa t kouri pou m ta sispann fè bèje pou Ou, ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a. Ou konnen! Tout pawòl lèv mwen yo te nan prezans Ou.


Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati; yo va satisfè.


men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite