Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 75 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm Asaph, yon Chanson

1 Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye, Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre. Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo.

2 “Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente, Mwen va jije avèk jistis.

3 Latè avèk tout sa ki ladann souke. Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.” Tan

4 Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!” A mechan an: “Pa leve kòn nan.

5 Pa leve kòn ou anwo. Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”

6 Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès, ni bò kote dezè a, kab gen fòs pou leve moun anwo;

7 Men Bondye se jij la. Li fè yon moun desann, e li leve yon lòt fè l wo.

8 Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, e diven an ap kimen. Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.

9 Men pou mwen, mwen va deklare sa, jis pou tout tan. Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.

10 Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt. Men kòn a moun ladwati yo va leve wo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite