Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
Pwovèb 13:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore. 1998 Haïtienne Yon moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo. |
Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwe a; men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.
Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri; tout moun se zanmi a sila ki bay kado.
Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.
Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj, enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo.
Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.
Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.