Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 13:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite; men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Yon move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 13:17
15 Referans Kwoze  

Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye; se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo.


Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore.


Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt, se konsa yon mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo, paske li rafrechi nanm a mèt li yo.


Van nò pote lapli e yon lang medizan, pote yon move vizaj.


Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans, ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.


Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal?


Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou.


Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye Balaam fis a Beor a avèk nepe.


Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl.


Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris.


Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.


Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis:


Bagay ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite