Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 25:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 25:12
16 Referans Kwoze  

O fi Israël yo, kriye pou Saül, ki te fè nou abiye byen bèl ak twal wouj, ki te mete òneman an lò sou vètman nou.


Ni lò ni vit pa egal avè l, ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.


Konsa, tout frè li yo ak sè li yo ak tout moun ki te konnen l oparavan yo te vin kote li, e yo te manje pen avèk li lakay li. Yo te rekonfòte li e konsole li akoz tout twoub ke SENYÈ a te mennen sou li yo. Epi yo chak te bay li yon pyès lajan ak yon bag an lò.


Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.


Aaron te di yo: “Chire retire zanno lò ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen.”


Epi tout sa yo ki te mennen pa bon volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè.


Yon moun ensanse refize disiplin a papa l; men sila ki aksepte repwòch gen sajès.


Zòrèy ki tande ak zye ki wè; se SENYÈ a ki te fè tou de.


Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.


Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo.


Anplis, mwen te mete yon zanno nan nen ou, zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn nan tèt ou.


Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite