L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete; Li va prezève koz li a nan jijman an.
Pwovèb 13:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li. 1998 Haïtienne Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt. |
L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete; Li va prezève koz li a nan jijman an.
Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann; men sèlman nan devwale pwòp panse li.
Menm lè ensanse a mache nan lari li manke bon tèt. Li montre tout moun ke se moun fou li ye.
Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
Paske rapò obeyisans nou an gen tan rive toupatou. Konsa mwen rejwi de nou, men mwen vle nou saj nan sa ki bon e inosan nan sa ki mal.
Frè m yo pa fè tankou timoun nan jan nou reflechi. Nan sa ki mal la rete inosan tankou tibebe, men nan jan nou panse, reflechi tankou granmoun.
Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”
Souple, pa kite mèt mwen okipe mesye sanzave sila a, Nabal, paske jan non li ye a, se konsa li ye. Nabal se non li e foli toujou avèk li. Men mwen, sèvant pa ou a, mwen pa t wè jennonm, mèt mwen, ke ou te voye yo.