“Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons? Eske yon nonm pale anpil vin akite?
Pwovèb 10:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite; men sila ki frennen lèv li gen sajès. 1998 Haïtienne Plis ou pale, plis ou ka peche. Lè ou gen bon konprann, ou kenbe bouch ou fèmen. |
“Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons? Eske yon nonm pale anpil vin akite?
Mwen te di, mwen va veye chemen mwen, pou m pa fè peche ak lang mwen. Mwen va veye bouch mwen, konsi li gen yon brid ladann toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt; men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.
Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.
Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè.
Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil.
Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.
Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.