Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 11:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Moun k'ap mache fè tripotay mete tout sekrè deyò. Men moun konfyans, kè yo se kòfrefò.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 11:13
14 Referans Kwoze  

Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite; men sila ki frennen lèv li gen sajès.


Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt; men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.


Yon moun pridan kache sa li konnen; men kè moun san konprann pale jis nan foli.


Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti.


Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè; se glwa li pou bliye yon transgresyon.


Sila ki difame moun devwale sekrè; pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.


Diskite pwòp ka pa ou devan vwazen ou, e pa devwale sekrè a yon lòt,


Epi tout ofisye yo te vin kote Jérémie pou te kesyone li. Pou sa, li te reponn yo selon pawòl ke wa a te kòmande yo. Epi yo te sispann pale ak li, konsi konvèsasyon an pa t koute pa okenn moun.


“‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an. Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.


An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.


Konsa, mesye yo te di l: “Vi pa nou pou vi pa w si ou pa pale zafè nou; epi li va rive ke lè SENYÈ a bannou peyi a, ke nou va aji avèk bon kè, e fidèlman avèk ou.”


Men si ou pale zafè sa a; alò, nou va vin lib de sèman ke ou te fè nou fè a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite