Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Eklezyas 5:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè okenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.

Gade chapit la Kopi




Eklezyas 5:2
21 Referans Kwoze  

Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann.


Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.”


Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.”


Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete,


alò, wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye. Nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.”


Men Bondye nou an nan syèl yo. Li fè sa Li pito.


Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite; men sila ki frennen lèv li gen sajès.


Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans: “Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.


Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;


Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz.


Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon moun ensanse, ak anpil pawòl.


Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito gen lakrent Bondye.


Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a, konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo, e panse Mwen yo ke panse pa w yo.


Oubyen, si yon moun sèmante san reflechi avèk bouch li, kit se pou fè mal, kit se pou fè byen, nan nenpòt afè ke yon nonm ta pale san reflechi avèk yon sèman, epi sa kache de li, e answit li vin konn sa, li va koupab nan youn nan sa yo.


“Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo.


Pou tout sa, priye konsa: “‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen.


Li te sèmante a li menm: “Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, jiska mwatye wayòm mwen an”.


Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.


Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite