Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 10:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a; men kè a mechan an vo piti.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Pawòl ki sòti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 10:20
12 Referans Kwoze  

Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.


SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.


Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès, epi lang li va pale jistis.


Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.


Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi; men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.


Lèv ki dwat se plezi a wa yo; e sila ki pale dwat, vin renmen.


Gen lò ak tout kalite bijou; men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.


paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye. Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.


Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi. Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.


Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite