Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 12:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Yon moun pridan kache sa li konnen; men kè moun san konprann pale jis nan foli.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 12:23
13 Referans Kwoze  

Mwen te leve pandan lannwit lan, avèk kèk bon mesye avèk mwen. Mwen pa t pale pèsòn sa ke Bondye mwen an te mete nan tèt mwen pou fè pou Jérusalem nan, e pa t gen bèt avè m sof ke sila ke mwen menm te monte a.


Chèf lokal yo pa t konnen kote mwen te ale a, ni sa mwen te fè a; ni jis rive nan moman sa a, mwen potko pale Jwif yo, prèt yo, moun nòb yo, chèf yo, ni lòt moun ki t ap fè travay yo.


Moun saj yo ranmase konesans; men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.


Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite; men sila ki frennen lèv li gen sajès.


Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.


Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li.


Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.


Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.


Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann; men sèlman nan devwale pwòp panse li.


Moun san konprann toujou fache; men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.


Menm lè ensanse a mache nan lari li manke bon tèt. Li montre tout moun ke se moun fou li ye.


Konsa Saül te di tonton li: “Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve.” Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite