Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 12:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Senyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 12:22
14 Referans Kwoze  

Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun.


Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.


Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a; men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.


Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa; ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen, ke se Mwen se SENYÈ a, ki aji nan lanmou dous, jistis, ak ladwati sou latè a; paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.


Tèt la se ansyen ki byen respekte a e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.


Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a; men yon pwa ki jis se plezi Li.


Akoz nou te dekouraje moun ladwati a lè Mwen pa t fè yo trist; epi nou te ankouraje mechan an pou l pa kite mechanste li, pou l sove,


Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Pou yon men ki plen ak lòj ak kèk grenn pen, nou te degrade Mwen a pèp Mwen an, pou fè lantre nan lanmò kèk nanm ki pa ta dwe mouri, e kenbe vivan lòt ki pa ta dwe viv, nan fè manti ou a pèp Mwen an ki koute manti.’”


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’”


Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon, de lang ki plen manti yo.


Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse, bokou mwens lèv kap manti sou yon prens.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite