Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.
Jonas 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Pandan mwen t ap vin endispoze nèt, Mwen te sonje SENYÈ a e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an. 1998 Haïtienne Lè m santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Senyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan Tanp ki apa ou a, ou tande m. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lavi m te prèske fin i, men mwen te sonje SENYÈ a. Priyè mwen te rive kote w, nan tanp ki apa pou ou a, Ou tande priyè m. |
Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.
SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
Lè lespri m te fin bat anndan m, Ou te konnen chemen mwen. Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
Mwen sonje ansyen jou yo. Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè. Mwen panse sou zèv men Ou yo.
Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a, e te kriye a Bondye pou sekou. Depi nan tanp li an, li te tande vwa m. Kri mwen pou sekou devan L te rive nan zòrèy Li.
Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo, Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen? Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò, O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.
Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa? Epi poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? E poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye! Paske m ap louwe Li ankò: O sove m, soutyen mwen an, ak Bondye m.
A la beni se sila ke Ou chwazi a e mennen toupre, pou l ka rete nan lakou Ou. Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou, sen tanp Ou a.
Alò, mwen te manke gen lapè; men Ou menm ki te kenbe nanm mwen, pou l pa antre nan fòs gwo abim nan, Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.
Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a.
Konsa, mwen te di: ‘Mwen te vin chase lwen fas ou. Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’
Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.