Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la; Yon sòm David

1 Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la! Ke non Bondye Jacob la kapab kenbe ou ansekirite an wo!

2 Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan sanktiyè a, epi bay ou soutyen soti nan Sion.

3 Ke Li kapab sonje tout ofrann sereyal ou yo, ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!

4 Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou, e akonpli tout plan ou yo!

5 Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou. Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo. Ke SENYÈ a kapab akonpli tout priyè ou yo.

6 Alò, mwen konnen ke SENYÈ a va delivre moun onksyone pa Li a. Li va reponn li soti nan syèl sen Li an, avèk delivrans pwisan men dwat Li a.

7 Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo, Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.

8 Yo te pliye e yo te tonbe, men nou te leve e nou te kanpe dwat.

9 Delivre nou O SENYÈ! Ke Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite