Jonas 2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl FasilPriye Jonas la 1 Pandan Jonas te nan vant pwason an, li priye SENYÈ Bondye li a konsa: 2 Mwen rele SENYÈ a pote m sekou, paske mwen te nan gwo tray, epi li reponn mwen. La kote m te ye byen fon nan tonm lan. Mwen t ap soupire pou m te jwenn sekou, epi ou tande vwa mwen. 3 Ou te jete m byen lwen anba, nan fon anba dlo yo. Gwo kouran lanm lanmè yo te anviwonnen mwen. Mwen desann byen fon anba lanmè a. Gwo lanm lanmè w yo te pase sou mwen. 4 Lè sa a, mwen te di nan tèt mwen: “Ou pouse m ale lwen, kote pou ou pa wè m ak je w.” Poutan, m ap kontinye gade nan direksyon tanp ki apa pou ou a. 5 Dlo lanmè a te antoure m nèt. Li kouvri m tèt rive jouk nan nen mwen. Mwen pa kapab pran souf. Mwen desann byen fon anba lanmè a. Zèb lanmè a kouvri tout tèt mwen. 6 Mwen te nan fon lanmè a, kote mòn yo kòmanse, nan fon kote mò yo ye a. Mwen panse m te fèmen anba latè pou tout tan, men, SENYÈ Bondye m nan retire m tou vivan nan tonm lan. 7 Lavi m te prèske fin i, men mwen te sonje SENYÈ a. Priyè mwen te rive kote w, nan tanp ki apa pou ou a, Ou tande priyè m. 8 Tout moun k ap adore zidòl ki pa vo anyen yo, yo vire do bay Bondye ki ka ede yo a. 9 Men mwen menm, m ap bay ofrann pou m fè lwanj pou ou. M ap leve vwa mwen pou m di w mèsi. M ap kenbe sa mwen te pwomèt. Paske se sèl SENYÈ a ki konn delivre! 10 Lè sa a, SENYÈ a pale ak pwason an, epi pwason an vomi Jonas a tè. |
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
@ 2017 Bible League International
Bible League International