Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon.
Jenèz 24:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay. 1998 Haïtienne Abraram te vye granmoun nèt. Senyè a beni li nan tout bagay. |
Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon.
SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.
Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.
Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li.
Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.
Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt.
Gade vè Abraham, papa nou an ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”
Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.
Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.