Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 18:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Alò, Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Abraram ak Sara te fin vye granmoun. Yo te antre nan laj. Sara te sispann gen lalin li.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 18:11
14 Referans Kwoze  

Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?”


Alò, Abraham te gen katre-ven-diz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.


Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Paske mwen ba li yon fis nan vyeyès li.”


Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay.


Alò, Sarah, madanm a mèt mwen an te fè yon fis pou mèt mwen an nan vyeyès li. Li te bay li tout sa li posede.


Li te di a papa li: “Pa kite mèt mwen an fache avè m, pwiske mwen p ap ka leve devan ou, paske se règ mwen ki sou mwen.” Alò, li te chache, men li pa t jwenn zidòl kay yo.


“‘Lè yon fanm gen yon ekoulman, si ekoulman nan kò li a se san, li va kontinye rete enpi avèk règ li a jis rive sèt jou. Konsa, nenpòt moun ki touche li va pa pwòp jis rive nan aswè.


Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.”


Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li.


Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.


Men li te konsidere ke Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vreman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an.


Alò Josué te vin vye e avanse nan laj lè SENYÈ a te di li: “Ou vin vye e avanse nan laj e anpil nan tè a rete san posede.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite