Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 26:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l te plante a, paske Senyè a te beni l.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 26:12
18 Referans Kwoze  

Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay.


SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.


Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke Bondye te beni fis li a, Isaac, epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.


ke ou p ap fè nou okenn mal, menm jan ke nou pa t touche ou, nou pa t fè ou anyen sof ke byen, e w ap voye nou ale anpè.’ Koulye a, ou se beni a SENYÈ a.”


Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.


Paske ou pa t gen anpil lè m te vini an, yo vin miltipliye anpil, e SENYÈ a te beni ou tout kote ke m vire. Men koulye a, se lè pou mwen okipe pwòp lakay mwen tou?”


SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik.


Latè te bay pwodwi li. Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.


Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peye a, fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo. Sa ki nan vil yo va fleri tankou vèdi latè.


Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren.


Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon.


“Paske va gen semans lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye tout bagay sa yo.


Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”


Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa.


“Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”


Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite