Jenèz 49:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen25 Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a. Gade chapit la1998 Haïtienne25 Sa sòti nan Bondye papa ou la k'ap ede ou, nan Bondye ki gen tout pouvwa a k'ap beni ou avèk benediksyon lapli ki sòti anwo nan syèl la, avèk benediksyon sous dlo k'ap sòti anba tè a, avèk benediksyon ki sòti nan tete ak nan vant manman. Gade chapit la |