Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 21:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò, Abraham te gen laj san ane lè fis li a, Isaac te vin fèt a li menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 21:5
8 Referans Kwoze  

Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.


Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.


Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?”


Alò, Abraham te gen katre-ven-diz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.


Apre, frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.


Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan, ki te di: “Yon tigason te fèt a ou menm,” e ki te fè l byen kontan an, vin modi.


San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.


Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite