Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Wa 1:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 David te fin vye granmoun, li te gen gwo laj sou tèt li. Menm lè yo te kouvri l byen kouvri ak anpil rad sou li, li te santi frèt toujou.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 1:1
13 Referans Kwoze  

Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. Paske byen vit li prale, e nou vole ale.


Alò, lè David te vin granmoun, li te fè fis li Salomon, wa sou Israël.


David te gen laj a trantan lè l te devni wa. Li te renye pandan karantan.


Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay.


Alò, Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit.


Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.


David te bati la yon lotèl bay SENYÈ a e li te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Konsa, SENYÈ a te kontan akoz lapriyè pou peyi a, e epidemi an te vin sispann an Israël.


Konsa, sèvitè li yo te di li: “Kite yo chache yon jenn fi vyèj pou wa a, mèt mwen an, e kite li okipe wa a pou devni enfimyè li. Epi kite li kouche nan sen li pou wa a, mèt mwen an, pou li kapab chofe kò li.”


Konsa, Bath-Schéba te antre kote wa a nan chanm dòmi an. Alò, wa a te byen vye, epi Abischag, Sinamit lan, t ap okipe wa a.


Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe?


Alò Josué te vin vye e avanse nan laj lè SENYÈ a te di li: “Ou vin vye e avanse nan laj e anpil nan tè a rete san posede.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite