Li te divize ekip li yo kont yo nan lannwit. Epi li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la.
Jenèz 15:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” 1998 Haïtienne Abram di: — Senyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tou fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m, se Elyezè, moun peyi Damas la. |
Li te divize ekip li yo kont yo nan lannwit. Epi li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la.
Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”
Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”
Epi sèvitè a te pran dis chamo pami chamo mèt li yo, e li te pati avèk yon seleksyon plizyè bon bagay a mèt li nan men l. Li te leve pou ale nan Mésopotamie pou rive nan vil Nahor.
Abraham te di a sèvitè li a, sila ki te gen plis laj lakay li a, ki te an chaj tout sa ke li te posede: “Souple, mete men ou anba kwis mwen.
Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.
Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?”
Alò, li te pase lòd a chèf domestik la e te di: “Ranpli sak yo avèk manje, tout sa ke yo kapab pote, e mete kòb a chak moun nan bouch sak li.
Yon sèvitè ki aji avèk sajès va renye sou yon fis ki aji ak wont; li va pataje eritaj la pami frè yo.
Pwofesi sou Damas. “Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon gwo pil mazi.
a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an; anndan miray Mwen yo, yon memoryal e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo. Mwen va bay yo yon non k ap dire nèt jis pou letènite, ki p ap janm disparèt.”
Konsènan Damas. “Hamath ak Arpad fè wont nèt, paske yo te resevwa move nouvèl. Yo dekouraje. Kouraj yo ba nèt. Gen enkyetid bò lanmè a; li pa ka kalme.
Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.
Sèvitè an chaj la te reponn: “Se jenn fanm Moabit ki te retounen avèk Naomi soti nan peyi Moab la.
Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”