Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 15:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Abram di ankò: — Gade! Ou pa ban m pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 15:3
10 Referans Kwoze  

Lè Abram te tande ke moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan.


Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a, nan lafen, twouve yon fis.


Mwen te achte esklav, ni mal ni femèl e mwen te genyen ki te fèt lakay mwen. Anplis mwen te genyen bann mouton avèk twoupo pi gran pase tout wa ki te Jérusalem avan m yo.


Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ, lè m plede ka m avèk Ou. Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou. Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa? Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?


anba yon fanm neglije lè l jwenn mari, ak yon sèvant lè l pran plas mètrès kay la.


Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.


“Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.


Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon.


Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite