Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 127 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.

1 Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven.

2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta, pou manje pen a travay di yo, paske se domi Li bay a moun li renmen.

3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans.

4 Tankou flèch nan men a yon gèrye, Se konsa pitit a jèn yo ye.

5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo. Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite