Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Li fè Senyè a yon pwomès, li di li: — Senyè, ou menm ki gen tout pouvwa, tanpri, voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye mwen, si ou ban m' yon pitit gason, l'ap viv pou ou sèlman. Poutèt sa, li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 1:11
25 Referans Kwoze  

Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete,


Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.”


Alò, Bondye te sonje Rachel. Li te okipe li, e Li te louvri vant li.


E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.


Petèt SENYÈ a va gade afliksyon mwen e remete m bon olye madichon pa sila a nan jou sa a.”


Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo, e padone tout peche mwen yo.


Alò pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.


“O fis mwen an! O fis a vant mwen an! O fis a ve mwen yo!


Lè ou fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la!


“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Lè yon nonm fin fè yon ve ki difisil, li va valorize selon valè moun nou ki apatyen a SENYÈ a.


Konsa, Israël te fè yon ve a SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman livre pèp sa a nan men m; alò, mwen va detwi vil pa yo a nèt.”


Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche a, e lòt la kòm yon ofrann brile, epi fè ekspiyasyon pou li konsènan peche li, akoz mò a. Epi nan menm jou sa a, li va konsakre tèt li,


“‘Tout jou yo, pandan ve apa li a, okenn razwa p ap pase sou tèt li. Li va sen jiskaske jou li yo vin akonpli pou sa li te separe tèt li bay SENYÈ a. Li va kite cheve tèt li vin long.


Tout jou a separasyon li yo, li va sen a SENYÈ a.


Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m,


Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”


Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè.


Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li.


Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.


Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l rete la nèt.”


Se pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a.


Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.


Alò, Éli ta beni Elkana avèk madanm li e di: “Ke SENYÈ a ba ou pitit pa fanm sa a pou ranplase sila ke li te konsakre bay SENYÈ a.” Epi yo te ale lakay yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite