Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
Egzòd 23:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo. 1998 Haïtienne Lè n'ap sèvi temwen nan yon kòz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fè nou pa wè kote jistis la ye. Li fè moun ki pa antò a pèdi kòz li. |
Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li; men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.
Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò; lansan vin abominab devan M. Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo— Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
Chèf ou yo se rebèl yo ye k ap fè zanmi parèy ak volè. Se yo tout ki renmen resevwa anba tab ak kouri dèyè benifis. Yo pa defann òfelen an, ni ka a vèv la pa rive devan yo.
Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a? Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la, e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo; sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san, e ki fèmen zye l pou l pa gade mal.
sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
Paske Mwen konnen transgresyon nou yo vin anpil e peche nou yo vin gran; nou menm ki boulvèse moun dwat yo, ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo, e ki detounen malere a nan pòtay la.
Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l byen. Prens lan mande, e jij la prè pou yon glise anba tab. Yon nonm pwisan prezante tout mechanste ke nanm li bezwen. Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.
“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.
Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo.
Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”
Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.