Eklezyas 7:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 Paske chantay ka fè yon nonm saj vin fou, e lajan anba tab fè kè vin konwonpi. Gade chapit la1998 Haïtienne7 Lè yon moun ki gen konprann ap sibi move tretman, sa ka fè li pèdi tèt li. Lajan sou kote fè moun pèdi karaktè li. Gade chapit la |
Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”